Add parallel Print Page Options

Mesaj yo te pote a montre li gen tout valè li. Tout moun ki te meprize l oswa ki te dezobeyi l te jwenn pinisyon yo merite pou sa. Konsa, se yon bagay ki sèten, si nou neglije kalite delivrans Bondye ap ofri nou jodi a, n ap jwenn pinisyon pou sa tou. Delivrans sa a, se Senyè a menm ki te anonse l an premye. Epi moun ki te tande l yo bay prèv se yon mesaj ki chita sou verite a. Bondye kore mesaj la ak tout kalite prèv tou tankou siy ekstrawòdinè, mèvèy, ak tout kalite mirak. Anplis, li bay tout kalite don, selon pwòp volonte l pa mwayen Sentespri a.

Read full chapter