Add parallel Print Page Options

Men sa ki ekri nan Bib la:

“Poukisa moun enpòtan pou ou konsa?
    Pou kisa ou panse ak moun menm?
Poukisa ou pran swen pitit lòm nan[a]?
    Poukisa li enpòtan pou ou konsa?
Ou te ba l mwens enpòtans pase zanj yo pou yon ti tan.
    Ou kouwòne l avèk glwa ak onè.
Ou mete tout bagay anba kontwòl[b] li.”[c]

Si Bondye mete tout bagay anba kontwòl li, sa vle di pa gen anyen li pa t gouvène. Poutan nou pako wè tout bagay anba kontwòl li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:6 pitit lòm nan Sa ka vle di yon moun kèlkonk, men lè “Pitit Lòm nan” se yon non (gade Pitit Lòm nan nan Lis Mo yo) ki prèske toujou vle di Jezi, sa montre kijan Bondye te gen plan pou tout moun.
  2. 2:8 kontwòl Literalman, “anba pye”.
  3. 2:8 Sitasyon sa a soti nan Sòm 8:4-6.