Add parallel Print Page Options

Ou te ba l mwens enpòtans pase zanj yo pou yon ti tan.
    Ou kouwòne l avèk glwa ak onè.
Ou mete tout bagay anba kontwòl[a] li.”[b]

Si Bondye mete tout bagay anba kontwòl li, sa vle di pa gen anyen li pa t gouvène. Poutan nou pako wè tout bagay anba kontwòl li. Nou wè Jezi nan yon pozisyon ki pi ba pase zanj yo pou yon ti tan, men kounye a, li kouwòne avèk glwa ak onè paske li te soufri epi li te mouri pou tout moun ka benefisye gras Bondye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:8 kontwòl Literalman, “anba pye”.
  2. 2:8 Sitasyon sa a soti nan Sòm 8:4-6.