Add parallel Print Page Options

11 Nou swete volonte ak dezi nou genyen pou montre lanmou kontinye rete aktif pou tout rès lavi nou. Konsa, nou ka sèten esperans nou yo ap satisfè. 12 Nou pa vle nou vin parese. Nou vle nou vin menm jan avèk sila yo ki pral resevwa tout sa Bondye te pwomèt l ap bay yo poutèt lafwa ak pasyans yo.

13 Bondye te fè Abraram pwomès. Men kòm pa gen pèsonn ki pi wo pase l, Bondye te sèvi ak pwòp non l kòm sèman pou bay garanti pou pwomès la.

Read full chapter