Add parallel Print Page Options

17 Paske Bondye te vle montre yon fason klè pa gen mank nan pwomès li te fè a, konsa li te fè yon pwomès ak sèman. 18 De bagay ki pa ka chanje: Bondye pa ka bay manti, li pa ka pa kenbe pwomès li te fè. Konsa, pou nou menm ki chache refij nan Bondye, nou ankouraje kenbe esperans nou pi fèm toujou. 19 Esperans nou genyen an se tankou yon lank bato pou lavi nou. Li fikse byen solid. Li travèse rido[a] Tanp lan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 6:19 rido Rido espirityèl tanp ki nan syèl la, ki te senbolize nan rido tanp lan ki te separe pati andan an (kote prezans Bondye te ye a) ak lòt pati ki nan Tant lan epi tou ki te nan lye trèsen Tanp Jerizalèm nan. Gade Rido nan Lis Mo yo. Menm jan an tou nan 10:20.