Add parallel Print Page Options

L ap jwe wòl granprèt li nan Kote ki pi Sen[a] an, nan vrè Tabènak ki nan syèl la. Se Bondye menm ki fè sa, se pa lèzòm.

Tout granprèt etabli pou ofri don ak sakrifis bay Bondye. Konsa, fòk granprèt nou an gen yon bagay pou l ofri tou. Si granprèt nou an te sou latè, li pa t ap ka prèt. Mwen di sa, paske gen prèt deja sou latè k ap ofri don egzakteman jan lalwa mande sa.

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:2 Kote ki pi Sen Literalman, “pi sen pase tout lòt yo”, se plas espesyal ki konsakre pou adorasyon ak jwisans prezans Bondye. Te gen pati espesyal nan Tabènak Ansyen Testaman an ki te reprezante kote ki pi sen an.