Add parallel Print Page Options

Tout granprèt etabli pou ofri don ak sakrifis bay Bondye. Konsa, fòk granprèt nou an gen yon bagay pou l ofri tou. Si granprèt nou an te sou latè, li pa t ap ka prèt. Mwen di sa, paske gen prèt deja sou latè k ap ofri don egzakteman jan lalwa mande sa. An reyalite, travay prèt sa yo ap fè, se tankou kopi ak lonbraj sa ki nan syèl la. Se sa k fè, men sa Bondye te di Moyiz lè li t ap bati Tabènak la: “Fè sèten ou fè tout bagay egzakteman selon modèl mwen te montre w sou mòn nan.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 8:5 Sitasyon sa a soti nan Egz 25:40.