Add parallel Print Page Options

15 Se poutèt sa Kris negosye yon nouvo pwomès pou pèp li a. Konsa tout moun Bondye chwazi yo ap ka jwi eritaj etènèl Bondye te pwomèt yo. Sa posib paske Kris te mouri pou libere lèzòm anba peche yo te komèt lè yo te nan premye pwomès la.

16 Lè gen yon testaman,[a] li enpòtan pou gen prèv ki montre mèt testaman an mouri. 17 Yon testaman pa vo anyen toutotan mèt testaman an vivan. Se lè mèt testaman an mouri sèlman moun ap ka kòmanse aplike sa k ladan l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:16 testaman Se menm mo Grèk ki sèvi pou pale de kontra oubyen alyans.