Add parallel Print Page Options

18 Se sa k fè menm premye kontra a te bezwen san koule pou bay prèv te gen lanmò anvan moun te kòmanse aplike l. 19 Premye bagay Moyiz te fè, se te li tout kòmannman lalwa yo jan yo ye a. Apre sa, li te pran san jèn towo bèf yo,[a] li melanje l avèk dlo. Lè l fini, li sèvi ak yon moso lèn wouj avèk branch izòp pou l te ka simen kèk gout sou liv lalwa a ak sou tout pèp la. 20 Li di: “Sa a se san ki montre valè kontra Bondye mande pou n respekte a.”[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 9:19 bèf yo Kèk kopi nan ansyen vèsyon Grèk yo genyen “ak bouk kabrit yo” isit la.
  2. 9:20 Sitasyon sa a soti nan Egz 24:8.