Add parallel Print Page Options

Se mwen menm Pòl, K ap salye nou. Mwen se yon apot Jezikris[a], paske se sa Bondye te vle. M ap ekri nou, pèp Bondye a, nan Efèz,[b] ki fidèl nan yon relasyon sere sere ak Jezikris.

Se pou Bondye Papa a ak Senyè Jezikris ban nou gras ak kè poze.

Benediksyon espirityèl nan Bondye

Louwanj pou Bondye ansanm ak Papa Jezikris, Senyè nou an. Nan Jezikris, Bondye ban nou tout kalite benediksyon espirityèl anwo nan syèl la.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:1 Jezikris Oubyen “Wa Jezi”. Tèm “Kris” se tradiksyon Grèk de yon mo Ebre “Mesi”, yon tit wayal. Gade nan Mak 15:32; Lik 23:2. Gade tou Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
  2. 1:1 nan Efèz Kèk kopi grèk pa genyen mo sa yo: “Nan Efèz”.