Add parallel Print Page Options

Bondye te montre m plan sekrè li pou m ka konnen l. Mwen gentan ekri kèk bagay deja sou sa. Epi si nou li sa m te ekri tou brèf anvan yo, n ap wè mwen konprann verite sekrè ki konsènen Kris la vre. Moun ki te viv nan tout jenerasyon pase yo pa t konnen verite sa a. Men, kounye a, pa mwayen Sentespri a, Bondye fè apot li yo ak pwofèt li yo konnen verite ki te sekrè a.

Read full chapter