Font Size
Esdras 8:15-17
Haitian Creole Version
Esdras 8:15-17
Haitian Creole Version
15 Mwen sanble tout moun sa yo bò gwo kannal ki mennen dlo nan lavil Aava a. Nou pase twa jou la. Antan nou la, mwen remake nou te gen prèt nan gwoup la, men pa t' gen moun Levi.
16 Lè sa a, mwen fè chache nèf chèf sa yo: Elyezè, Aryèl, Chemaja, Elnatan, Jarib, Elnatan, Natan, Zakaraya ak Mechoulam ansanm ak direktè sa yo: Jojarib ak Elnatan, de moun ki konn esplike lalwa a.
17 Mwen voye yo bò kote Ido, chèf kominote Kasifya a. Mwen esplike yo tou sa pou yo di Ido ak kòlèg li yo ki konn tout travay pou fèt nan tanp lan, epi ki t'ap viv ansanm nan kominote Kasifya a, pou yo ka fè nou jwenn kèk gason pou travay nan tanp Bondye nou an.
Read full chapter