Font Size
Esdras 8:19-21
Haitian Creole Version
Esdras 8:19-21
Haitian Creole Version
19 Yo ban nou ankò Achabya ak Jechaya, frè li a, tou de moun branch fanmi Merari. Te gen vin nan pitit gason yo ki te vini ak yo tou.
20 Te gen tou desanven (220) travayè pou tanp lan. Se wa David ak chèf li yo ki te bay zansèt moun sa yo reskonsablite pou ede moun Levi yo nan sèvis yo. Yo te pran non tout moun sa yo.
21 ¶ Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l' pou nou fè yon bon vwayaj, pou l' pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.
Read full chapter