Add parallel Print Page Options

Viv nan inite epi pran swen youn lòt

Si nou vle ankouraje m nan Kris la, si nou vle fè m santi m byen, si nou vle fè yon sèl ak mwen nan menm Espri a, si nou vle montre afeksyon ak konpasyon youn pou lòt, n ap fè m santi m kontan anpil si nou gen menm objektif, menm lanmou, si n ap viv nan amoni youn ak lòt, si nou youn ini ak lòt toutbon vre. Pa fè anyen ak lògèy nan fè tèt nou pase pou pi bon pase lòt moun. Men se pou imilite nou fè n konsidere lòt moun pi enpòtan pase nou.

Read full chapter