Add parallel Print Page Options

17 Frè m ak sè m yo, mete tèt nou ansanm ak lòt yo pou n swiv egzanp mwen. Menm jan an tou, gade byen sou moun k ap viv selon modèl ki nan nou menm nan. 18 Paske, jan mwen te di sa plizyè fwa deja, epi kounye a se ak dlo nan je m m ap di l ankò. Gen anpil moun k ap viv tankou lènmi kwa Kris la. 19 Yo gen pou yo fini mal. Pou yo menm, se vant yo ki bondye yo. Sa ki pi rèd, wont yo se fyète yo. Y ap panse ak bagay latè.

Read full chapter