Font Size
Filipyen 4:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Filipyen 4:1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Kèk bagay nou dwe fè
4 Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a.
2 Evodi, ou menm ak Sentich, m ap egzòte nou pou nou chache gen tèt ansanm nan Senyè a. 3 Ou menm ki se yon konpanyon fidèl pou mwen: M ap mande w pou w ede medam sa yo. Se pa ti travay yo te travay ansanm ak mwen nan anonse Levanjil la, ansanm ak Klèman epi lòt moun yo tou. Non yo tout ekri nan Liv lavi a.[a]
Read full chapterFootnotes
- 4:3 Liv lavi a Liv lavi Bondye a ki gen non tout moun Bondye chwazi yo. Gade nan Rev 3:5; 21:27.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International