Add parallel Print Page Options

16 Epitou, lè Bondye te deside fè m wè aklè ki lès Pitit li a ye, poutèt pou m te ka pale de li pami moun ki pa Juif yo, mwen pa t kouri al mande okenn moun konsèy. 17 Ni mwen pa t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te wè moun ki te apot anvan m yo. Olye m te fè sa, mwen t al yon kote ki rele Arabi, epi pita mwen te retounen nan lavil Damas.

18 Twazan apre Bondye te fin rele m nan,[a] m t al nan legliz Jerizalèm nan pou m te ka fè konesans ak Pyè.[b] Mwen te pase kenz jou avè l.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:18 Twazan … m nan Oubyen “Twazan apre m t al Damas premye fwa a.”
  2. 1:18 Pyè Literalman, “Sefas”, ki se non Arameyen pou Pyè, youn nan douz disip Jezi yo. Toude non yo vle di “wòch”. Gade tou nan 2:9, 11, 14.