Add parallel Print Page Options

Nou te di nou sa deja, kounye a m ap repete l ankò: si nenpòt moun preche nou yon levanjil ki depaman ak sa nou te resevwa a, se pou malediksyon Bondye tonbe sou li.

10 Lè m pale konsa, èske nou wè m sonnen tankou moun k ap chache fè moun plezi? Non, se Bondye m ap chache fè plezi! Si m t ap chache fè moun plezi, mwen pa t ap yon sèvitè Jezikris.

Levanjil Pòl preche a soti nan Bondye

11 Frè ak sè m yo, mwen vle fè nou konnen Levanjil m ap preche a pa soti nan lòm.

Read full chapter