Font Size
Galat 3:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 3:13-15
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
13 Lalwa deklare nou anba malediksyon poutèt nou pa toujou obeyi l. Men Kris retire malediksyon sa a. Li chanje plas ak nou epi li mete pwòp tèt pa l anba malediksyon sa a. Bib la di: “Nenpòt moun yo pann sou yon bwa,[a] moun sa a anba malediksyon”.[b] 14 Poutèt Kris libere nou, moun ki pa Juif yo ka patisipe nan benediksyon Bondye te pwomèt Abraram nan. Lè nou mete konfyans nou nan Jezikris, n ap resevwa Sentespri a, paske Bondye fidèl nan kenbe pwomès li.
Pwomès la vini anvan lalwa
15 Frè m ak sè m yo, m ap ban nou yon egzanp nan bagay k ap pase chak jou nan lavi. Depi yon moun fin fè yon testaman, epi testaman sa a ratifye, pèsonn pa ka ni anile l, ni ajoute bagay ladan l.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International