Add parallel Print Page Options

Bi Lalwa Moyiz la

21 Alò, èske sa vle di lalwa pa dakò ak pwomès Bondye te fè yo? Pa ditou! Paske, si lalwa Bondye te bay la te kapab bay moun lavi, se lalwa sa a ki t ap fè moun dwat devan Bondye. 22 Okontrè, Bib la mete tout sa ki egziste nan lemonn nan yon prizon anba kontwòl peche. Konsa, sèl fason pou moun resevwa pwomès la, se nan mete konfyans yo nan Jezikris,[a] li menm ki fidèl.

23 Anvan lafwa te vini, nou te plase anba siveyans lalwa, se kòmsi nou te prizonye jouktan Bondye te fè nou wè lafwa ki te gen pou vini an.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:22 konfyans yo nan Jezikris Oubyen “fidelite Jezikris”.