Add parallel Print Page Options

Kounye a, nou pa esklav ankò jan n te ye anvan an. Nou se pitit Bondye, epi n ap jwenn tout sa Bondye te pwomèt pitit li yo.

Lamou Pòl genyen pou kwayan nan peyi Galasi yo

Nan tan pase, nou menm moun Galasi, nou pa t konn Bondye. Nou te esklav lòt dye yo, bagay ki pa t dye vrèman. Men kounye a, nou konnen vrè Bondye a. Ann di pito, se Bondye ki konnen nou. Alò, poukisa nou retounen al obeyi vye fòs san pouvwa san valè, bagay nou te swiv anvan yo? Èske nou vle retounen esklav bagay sa yo ankò?

Read full chapter