Font Size
Galat 6:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Galat 6:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
12 Moun sa yo k ap fòse nou pou n fè sikonsi nou an, se pou moun ka wè yo bon ki fè y ap fè sa. Yo pè pou yo pa pèsekite yo poutèt y ap swiv kwa[a] Kris la sèlman. 13 Alòske menm moun ki sikonsi yo pa rive fè tout sa lalwa a mande. Epi yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè poutèt yon ti moso po nou koupe nan kò nou.
14 Si se pou mwen, m p ap janm fè grandizè. Yon sèl bagay ki pou ta fè m fè grandizè se lanmò Kris la sou kwa a. Poutèt lanmò sa a, mwen krisifye pou lemonn, epi lemonn krisifye pou mwen tou.
Read full chapterFootnotes
- 6:12 kwa Pòl itilize kwa Kris la kòm yon imaj pou reprezante Levanjil la. Kris la mouri sou kwa a pou peye dèt peche lèzòm. Kwa a (lanmò Kris la) se sa Bondye itilize pou l sove moun. Gade vèsè 14 la tou.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International