Add parallel Print Page Options

13 Alòske menm moun ki sikonsi yo pa rive fè tout sa lalwa a mande. Epi yo vle nou sikonsi pou yo ka fè grandizè poutèt yon ti moso po nou koupe nan kò nou.

14 Si se pou mwen, m p ap janm fè grandizè. Yon sèl bagay ki pou ta fè m fè grandizè se lanmò Kris la sou kwa a. Poutèt lanmò sa a, mwen krisifye pou lemonn, epi lemonn krisifye pou mwen tou. 15 Pou byen di nou, kit yon moun sikonsi, kit li pa sikonsi, se pa sa k gen valè. Sa k konte a, se lè yon moun antre nan nouvo lavi Bondye ap ban nou an.

Read full chapter