Add parallel Print Page Options

11 Solèy leve ak gwo chalè, li seche plant lan, flè a tonbe epi li pèdi tout bèlte l. Se menm jan an tou, gen yon jou, moun rich la ap pase ak tout aktivite l yo.

Tantasyon pa soti nan Bondye

12 Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn[a] lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo. 13 Lè yon moun anvi fè yon bagay ki mal, li pa dwe di se Bondye k ap pouse l fè sa ki mal. Bondye pa kapab anvi fè sa ki mal epi li p ap tante pèsòn pou fè l fè sa ki mal.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:12 kouwòn Yon kouwòn yo te fè ak fèy oubyen branch bwa yo te konn mete sou tèt moun ki te ranpòte laviktwa nan konpetisyon atletik yo pou onore yo. Se yon senbòl laviktwa epi se yon rekonpans.