Font Size
Jak 1:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jak 1:12-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Tantasyon pa soti nan Bondye
12 Moun ki reziste anba gwo tantasyon lavi a, se moun ki byenere! Lè yo fin bay prèv lafwa yo konsa, Bondye ap rekonpanse yo ak kouwòn[a] lavi a. Se pwomès sa a Bondye fè tout moun ki renmen l yo. 13 Lè yon moun anvi fè yon bagay ki mal, li pa dwe di se Bondye k ap pouse l fè sa ki mal. Bondye pa kapab anvi fè sa ki mal epi li p ap tante pèsòn pou fè l fè sa ki mal. 14 Yon moun tante fè sa ki mal, lè l kite pwòp dezi l ki pa bon epi k ap mennen l epi trennen l.
Read full chapterFootnotes
- 1:12 kouwòn Yon kouwòn yo te fè ak fèy oubyen branch bwa yo te konn mete sou tèt moun ki te ranpòte laviktwa nan konpetisyon atletik yo pou onore yo. Se yon senbòl laviktwa epi se yon rekonpans.
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International