Add parallel Print Page Options

Renmen tout moun

Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo. An n sipoze yon moun ta rive nan reyinyon[a] nou yo. Moun sa a antre ak bèl bag an ò ansanm ak rad ki koute chè anpil. Menm lè sa a tou, yon pòv antre nan reyinyon an, li tou mal abiye. Ou akeyi avèk anpil respè moun ki pote bèl rad la, ou di l konsa: “Chita isit, nan plas donè sa a!” Epi ou di pòv la konsa: “Kanpe bò laba a!” Oubyen “Chita atè a, bò pye nou la a!”

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:2 reyinyon Literalman, “nan sinagòg nou yo”.