Font Size
Jak 2:23-25
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jak 2:23-25
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
23 Sa montre vrèman sa Bib la di a, “Abraram te konfye l nan Bondye, epi poutèt li te kwè, Bondye te aksepte l pou moun ki fè sa ki dwat devan l.”[a] Yo te rele Abraram “Zanmi Bondye”.[b] 24 Konsa ou wè yon moun vin moun dwat devan Bondye poutèt sa li fè. Li pa vin yon moun dwat poutèt lafwa l sèlman.
25 Yon lòt egzanp se Raab. Se yon pwostitye l te ye, men li te vin tounen yon moun dwat devan Bondye poutèt yon bagay li te fè. Li te ede moun ki t ap espyone pou pèp Bondye a. Li te resevwa yo lakay li epi li te ede yo chape pa yon lòt chemen.[c]
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International