Add parallel Print Page Options

11 Èske yon sèl sous kapab bay dlo dous ak dlo anmè an menm tan? 12 Èske yon pye fig kapab donnen zoliv? Èske ou kapab keyi fig sou yon pye rezen? Se menm jan an tou, yon sous dlo sale pa kapab bay dlo dous.

Bon sajès la

13 Èske gen moun pami nou ki reyèlman saj, yon moun ki vrèman gen bon konprann? Alò, li dwe manifeste sa nan yon bon konpòtman, nan sa l ap fè avèk imilite epi ak sajès.

Read full chapter