Font Size
Jak 3:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jak 3:5-7
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
5 Lang nou se menm jan an. Se yon pati ki tou piti nan kò a. Poutan, li kapab fè lwanj kantite gwo bagay li lakoz.
Gade sa, yon ti dife tou piti kapab boule yon gwo rak bwa. 6 Lang lan tou, se kòm yon ti dife, se ladan nou jwenn tout sa ki pa bon. Li se yon pati nan kò nou, epi se li ki sal tout kò nou nèt. Lang nou mete dife nan lavi nou, depi nou fèt jouk tan nou mouri. Dife sa a, se dife lanfè a ki nan lang lan.
7 Lèzòm kapab fè tout kalite zannimo obeyi yo: bèt sovaj, zwazo, sèpan epi pwason.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International