Add parallel Print Page Options

Men, gras Bondye fè nou an pi gran toujou. Paske Bib la di:

“Bondye opoze ak ògeye yo,
    men li fè moun ki enb yo gras.”[a]

Enben, livre lavi w bay Bondye pou obeyi l. Fè opozisyon kont lespri mechan an, epi l ap kouri ale byen lwen w. Pwoche bò kote Bondye, l ap pwoche kote w tou. Netwaye lavi w, ou menm k ap komèt move zak yo. Retire peche nan lavi w,[b] ou menm k ap woule de bò ant Bondye ak mond lan.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:6 Sitasyon sa a soti nan Pwo 3:34.
  2. 4:8 Retire peche nan lavi w Literalman, “lave men w yo.”