Add parallel Print Page Options

14 Èske gen nan nou ki malad? Li dwe mande responsab legliz la pou l vin fè onksyon luil pou li nan non Senyè a epi priye pou li. 15 Si priyè sa a fèt avèk lafwa, malad la ap sove. Senyè a ap geri malad la. Epi si l te fè yon peche, Bondye ap padone l.

16 Poutèt sa, se pou n konfese peche nou youn ak lòt, epi pou n priye youn pou lòt, pou Bondye kapab geri nou. Lè yon moun ki dwat devan Bondye priye, priyè sa a gen anpil puisans.

Read full chapter