Add parallel Print Page Options

Nou t ap viv sou tè a nan richès ak plezi. Nou angrese tèt nou, menm jan ak zannimo y ap fè gra pou yo touye.[a] Nou kondane epi nou touye yon bann inosan. Yo pa menm goumen ak nou.

Se pou n gen pasyans

Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 5:5 Nou angrese tèt nou … touye Literalman, “Ou fè kè w gra pou lè yo va touye w la.”
  2. 5:7 premye grenn lapli … dènye grenn lapli “Premye grenn lapli” a tonbe nan lotòn, epi “dènye grenn lapli” a tonbe nan prentan.