Add parallel Print Page Options

32 Men temwanyaj Jan te rann: “Mwen te wè Lespri Bondye desann soti nan syèl tankou yon pijon vin poze sou li. 33 Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a. 34 Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.”[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:34 Nonm sa se Pitit Bondye Kèk nan kopi Grèk ki ansyen anpil, yo genyen “Se li ki moun Bondye chwazi a.”