Add parallel Print Page Options

41 Premye bagay Andre fè, l al chache Simon, frè li. Andre di li: “Nou jwenn Mesi a” (ki vle di Kris).

42 Alò Andre mennen Simon bay Jezi. Jezi gade Simon epi li di l: “Ou se Simon, pitit Jonas, yo va rele w Sefas.”[a] (Sefas vle di Pyè ki vle di Wòch.)

43 Nan demen, Andre te vle pou yo al Galile pou chache Filip. Lè yo jwenn li, Jezi di li: “Swiv mwen.”

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:42 Sefas Nan lang grèk la se menm bagay ak lang Arameyen an, li vle di “Wòch”.