Add parallel Print Page Options

43 Lè l fin pale konsa, li di byen fò: “Laza, soti!” 44 Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou.

Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!”

Plan pou touye Jezi

(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Lik 22:1-2)

45 Anpil nan Jwif sa yo, ki te vin wè Mari epi ki te wè sa Jezi te fè a, te kwè nan li.

Read full chapter