Add parallel Print Page Options

26 Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li.

Jezi pale sou lanmò li

27 Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini. 28 Papa, fè wè glwa w non!”

Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”

Read full chapter