Add parallel Print Page Options

39 Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò:

40 “Li fè yo avèg
    epi li fè kè yo di
pou yo pa wè nan je yo,
    pou yo pa konprann nan kè yo,
pou yo pa ta vire vin jwenn mwen,
    pou m ta geri yo.”[a]

41 Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 12:40 Sitasyon sa a soti nan Eza 6:10.