Add parallel Print Page Options

17 Si nou konnen bagay sa yo, nou se moun ki beni anpil, men se si nou fè sa.

18 Pawòl m ap di la a pa konsène tout moun. Mwen konnen kilès mwen chwazi. Men pou Bib la kapab akonpli: Moun k ap manje pen avèk mwen an leve kont mwen.[a] 19 Depi kounye a mwen di nou sa anvan l rive. Konsa, lè sa va rive, nou va kwè mwen se Mesi a vre.[b]

Read full chapter

Footnotes

  1. 13:18 leve kont mwen Literalman, “leve talon kont mwen”. Fraz sa a vle di “vire do ban mwen”, “leve kont mwen”, “trayi m”. Sitasyon sa a soti nan Sòm 41:9.
  2. 13:19 mwen se Mesi a vre Literalman, “Mwen se li”. Ekspresyon sa a, se menm bagay ak non Bondye ki itilize nan Ansyen Testaman an. Gade nan Egz 3:14 epi tou Eza 41:4; 43:10. Li kapab vle di tou “se men menm ki,” sa vle di “Se mwen menm ki Mesi a.”