Add parallel Print Page Options

Jezi fè konnen kilès ki va leve kont li

(Mat 26:20-25; Mak 14:17-21; Lik 22:21-23)

21 Lè l fin pale konsa, li te santi l boulvèse anndan l, epi li di yo aklè: “An verite, an verite, mwen di nou: gen youn nan nou k ap trayi m.”

22 Disip yo te pran gade youn lòt, yo pa t konnen pou kilès nan yo Jezi di pawòl sa a. 23 Youn nan disip yo ki te bò tab la, sa Jezi te renmen anpil la, li te chita kòtakòt ak Jezi.

Read full chapter