Font Size
Jan 13:32-34
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 13:32-34
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
32 Poutèt Pitit la te glorifye Bondye Papa a nan lavi l, talè konsa, Papa a pral glorifye Pitit la nan li menm.
33 Zanmi m yo, mwen p ap pase anpil tan ak nou ankò. Nou va chache m, men, menm jan m te di lidè Jwif yo, mwen di nou sa tou, nou p ap kapab vini kote m prale a.
34 M ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou renmen youn lòt. Se pou nou renmen youn lòt menm jan m renmen nou an.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International