Font Size
Jan 15:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jan 15:2-4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
2 Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou. 3 Pou nou menm, ansèyman nou resevwa avè m gentan retire vye fèy ak vye branch ki ta fè nou pa ka donnen. 4 Rete branche nan mwen, epi mwen menm m ap rete branche nan nou tou. Menm jan ak branch rezen ki pa kapab donnen poukont li san l pa rete atache nan pye rezen an, se konsa tou nou pa kapab donnen si nou pa rete branche nan mwen.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International