Add parallel Print Page Options

21 Lè yon fanm ap akouche, li nan soufrans, paske lè l rive. Men lè l fin akouche, li pa sonje soufrans la ankò, kè l kontan nèt, paske li fè yon pitit gason. 22 Se konsa nou menm kounye a, nou nan lafliksyon, men m ap rewè nou ankò epi kè nou ap kontan anpil, epi p ap gen okenn moun k ap kapab derasinen lajwa sa a. 23 Konsa, lè sa a, nou p ap poze m okenn kesyon dirèkteman. Sa, se verite a, men, men yon bagay pi enpòtan toujou m ap di nou: Si nou mande Papa m yon bagay poutèt relasyon nou avè m, l ap ban nou l.

Read full chapter