Add parallel Print Page Options

22 Se konsa nou menm kounye a, nou nan lafliksyon, men m ap rewè nou ankò epi kè nou ap kontan anpil, epi p ap gen okenn moun k ap kapab derasinen lajwa sa a. 23 Konsa, lè sa a, nou p ap poze m okenn kesyon dirèkteman. Sa, se verite a, men, men yon bagay pi enpòtan toujou m ap di nou: Si nou mande Papa m yon bagay poutèt relasyon nou avè m, l ap ban nou l. 24 Jouk kounye a, nou pa mande Bondye anyen poutèt nou se disip mwen. Men, kounye a mwen di: mande epi nou va jwenn, pou kè nou kapab kontan nèt ale.

Read full chapter