Add parallel Print Page Options

23 Janbatis t ap batize moun tou nan zòn Enon, yon kote toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te ale la pou yo te ka batize. 24 Se te anvan yo te mete Janbatis nan prizon.

25 Kèk nan disip Janbatis yo te nan yon diskisyon ak yon Jwif sou abitid[a] pirifikasyon Jwif yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:25 abitid Jwif yo te gen plizyè prensip nan relijyon yo sou kijan yo ta dwe pwòpte yo anvan yo manje, anvan yo adore Bondye nan tanp lan, epi tou nan kèk moman espesyal.