Add parallel Print Page Options

29 Lamarye se pou lemarye. Zanmi k ap ede lemarye a, li sèlman kanpe ap tann epi l ap tande. Li kontan jis pou li tande lemarye k ap pale. Se sa ki fè kè m kontan konsa a. 30 Li gen pou li vin pi enpòtan chak jou, epi mwen menm mwen gen pou m vin mwen enpòtan.[a]

Moun ki vini soti nan syèl la

31 Moun ki vini soti anwo a pi gran pase tout moun. Moun ki soti anba se moun latè li ye. Li pale sou bagay latè. Men moun ki soti nan syèl la pi gran pase tout moun.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:30 Li pa toutafè klè ki kote sitasyon Janbatis la dwe fini. Gen moun ki kwè se nan vèsè 30, gen lòt ki kwè se nan vèsè 36.