Add parallel Print Page Options

45 Lè l rive Galile, moun yo te byen resevwa li, paske yo te ale nan fèt Pak la, Jerizalèm, epi yo te wè tout sa Li t ap fè nan fèt la.

46 Jezi te ale Kana nan Galile ankò. Kana se kote li te fè dlo tounen diven an. Youn nan gwo ofisye gouvènman wa Ewòd yo te rete lavil Kapènawòm. Pitit gason nonm sa a te malad. 47 Nonm nan te tande Jezi soti nan teritwa Jide pou vin Galile. Konsa, li ale kote Jezi epi li mande l si l ka vini Kapènawòm pou geri pitit li a ki te prèske mouri.

Read full chapter