Add parallel Print Page Options

29 Alò yo va leve soti nan tonm yo. Sa ki te fè byen nan lavi sa a, yo va resisite epi yo va genyen lavi etènèl. Men sa ki t ap fè sa ki mal yo, yo va resisite pou yo jije epi pou yo jwenn kondanasyon yo.

30 Mwen pa kapab fè anyen poukont mwen. Mwen jije dapre jan Papa a di mwen. Epi jijman mwen an jis, paske mwen p ap chache fè pwòp tèt mwen plezi. M ap chache fè moun ki voye m nan plezi sèlman.

Jezi di lidè Jwif yo pi plis bagay toujou

31 Si m ap temwanye pou mwen menm sèlman, alò nou kapab panse sa m ap di de mwen menm yo pa verite a.

Read full chapter