Add parallel Print Page Options

¶ Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di m' ankò: -Yo pral ranmase dènye moun ki rete nan peyi Izrayèl la, menm jan yo ranmase dènye grap rezen lè rekòt fini. Y'ap pase men pran yo tout, tankou moun k'ap pase men nan branch rezen pou rekòlte rezen.

10 Mwen di: -Ki moun ki pral koute m' lè m'a pale, lè m'a bay avètisman sa yo? Zòrèy yo bouche. Yo refize tande sa m'ap di. Yo pran pawòl Bondye a pou yon jouman. Yo pa vle tande.

11 Kòlè Seyè a ap bouyi nan kè m' tou, m' pa ka kenbe ankò. Lè sa a, Seyè a di m': -Al pase kòlè m' sou timoun ki nan lari yo, sou gwoup jenn gason ki reyini yo. Y'ap pase men pran tout moun, fanm kou gason. Ata vye granmoun ki fin viv yo p'ap chape.

Read full chapter