Font Size
Jid 1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Jid 1-3
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Mwen menm se Jid, sèvitè Jezikris la, epi frè Jak la. M ap ekri pou tout moun Bondye rele yo. Li renmen yo epi l ap gade yo pa mwayen Jezikris.
2 M ap priye pou Bondye ban nou mezerikòd, lapè ak lanmou l pi plis toujou.
Bondye ap pini moun k ap fè sa ki mal yo
3 Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout.
Read full chapter
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Copyright © 2017 by Bible League International