Add parallel Print Page Options

10 Poutan, mesye sa yo ap kritike bagay yo pa konprann. Yo konprann kèk ti bagay. Men se pa ak entelijans yo, se sa yo santi, menm jan ak bèt yo ki pa gen entelijans pou konprann bagay yo. Epi se bagay sa yo ki detwi yo nèt. 11 Malè pou yo! Paske yo pran menm chemen ak Kayen,[a] menm wout ak Balam,[b] y ap bay manti pou lajan. Y ap peri, paske yo revòlte kont Bondye, menm jan Kore[c] te fè.

12 Moun sa yo se yon danje pou repa kominyon fratènèl nou yo. Yo manje epi bwè ak nou, san yo pa pè anyen. Yo panse sèlman ak pwòp tèt yo. Yo menm jan nyaj van ap pouse san lapli. Yo menm jan ak pye bwa ki pa janm donnen. Yo san rasin, se vye bwa ki mouri menm de fwa yo ye.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:11 Kayen Gade nan Jen 4:1-16.
  2. 1:11 Balam Gade nan Nb 25:1-4; 31:16.
  3. 1:11 Kore Gade nan Nb 16:1-40.